Taksi vid pa kouri vit

Objektif: se konsa nou rele yon bagay nou vle fè nan yon kantite tan nou prevwa pou sa. Kèlkeswa objektif ou, genyen fason pou w rive atenn yo, nou rele sa yo mwayen. Lè w marye objektif ak mwayen, ou sou wout pou reyalize rèv ou. Yonn nan kesyon ki enpòtan pou n poze se : ki mwayen pou ki objektif ?