Ki lang ou pale ?

IMG_20170416_112909

Di m ki lang ou pale, m ap di w ki kote w moun ! San ale nan inivèsite pou sa, pèp mwen an fè etid jewografi lengwistik… Ou sezi ? Men ban m di w: Moun ki kote ki di “kawo” epi moun ki bò ki di “fè”? Kiyès ki di “kobra” epi kiyès ki di “plagatòks”? Mwen se nèg Okap, m ap di : “Kochon sa pa kinanm (oubyen “kenanm”).”, men moun Pòtoprens yo ap di : “Kochon sa se pa pa m.” ! Ou ri sa ? M pa te di w nou konn fè lokalizasyon moun sou kat peyi a dapre jan yo pale ? Ebyen, kite m raple w yon lot bagay. Nou pale yon sèl lang, jan w tande a, yon sèl lang ki chaje varyasyon paske nou se yon pèp kreyatif. Epi nou gen yon rapò kole sere ak lang. Pa sezi tande ayisyen an di w ou gen lang long anpil… Piga w al pran lat pou w mezire non ! Ou genlè mete kèk koze l deyò si l di w sa. Menm jan w ka “pran mekanik”, “pran elektrisite” oubyen pran nenpòt metye, ebyen ou ka “pran lang” tou, angle oswa panyòl, men “pran lang” gen yon lòt sans tou… Eske m bezwen eksplike l ? Kreyòl pale, kreyòl konprann ! Si w ap di anpil pawòl deplase devan yon moun, l ap di ou gen lang sal. Men si w ret san pale, l ap di w li sispèk chat pran lang ou. Si w pale kreyòl la yon jan difisil, l ap di w gen lang lou. Gen moun ki pale sou lang men pa gen moun ki pale san lang, paske se lang lan k ap tòde kò l pou l ede w fè son yo. E lang pa janm bouke tòde anndan bouch, kòmkwadire lang pa gen zo. Gen moun ki pale yon sèl lang, gen moun lejann rakonte ki pale san lang. Antouka, m rekonèt plizyè moun ki pale plizyè lang. Men atansyon, fòk ou konnen malgre lang ou tou piti parapò rès kò w, li ka mennen w menm jan yon ba direksyon mennen yon bato.
Ann pale yon lòt koze. Eske lang pa yon baryè nan peyi isit? Wi, se baryè m te vle di menm, se mo sa m t vle itilize. Kite m eksplike w. Lang sipoze yon zouti kominikasyon, sètadi yon mwayen pou rapwoche moun pou pèmèt moun travay ansanm. Sa vle di, lang ta dwe yon zouti pou moun fè tèt kole, kidonk yon zouti pou fè devlopman. Men, kwè se sa m obsève pa bò isit ? Non ! Depi soti nan pinisyon lekòl pou fòse w pale franse olye yo itilize bon metòd pou fè m aprann yon lang ki kapab itil mwen. Pase nan sanskyon yo bay an silans lè w fè kèk vye fòt nan franse menm si se yon fòt izole nan tout yon diskou. Jouk rive nan imilyasyon nan plizyè espas piblik kote yo pa gade w pou anyen si w pa pale franse. Se pa ankouraje medyokrite men eske lè moun fè fòt nan kreyòl mwen an, nou fache pou sa oubyen nou ri ? Gen moun ki tou prèt pou di m pa gen flay nan kreyòl, gen lòt ki pral di nou pa gen lang. M rele sa mantalite kolonize, m pran responsabilite di l ! Si m pa rejte lang kolon an, se sèlman paske nan kontèks mondyal ki genyen alèkilem kapab sèvi avè l pou m gen aksè nan konesans. Men m ka itilize angle tou, dayè gen plis pwodiksyon syantifik nan lang angle pase nan lang franse. Bon, nou pa inyore anpil moun gen yon ti franse nan pwent bouch yo jis pou fè chelbè, anyen ankò. Epi n ap pale devlopman, n ap panse pou edikasyon ! Se yon kesyon aparans k ap regle.

Di m ki lang ou pale, m ap di w ki moun ou ye.

Ou pale kreyòl ? Ebyen ou se nenpòt ki moun. Pa fache, bon se vre. Tout ayisyen ka pale kreyòl, menm si tout pa ka ekri l paske lè w’ pa kwè y ap ba w yon aksan egi nan pale « palé » (m konsyan m se yon privilejye paske se pa tout lekòl ki met aksan sou ansèyman kreyòl la, kreyòl ayisyen an).

Ou pale franse ? (Et bien mon cher, vous avez une sacrée veine dans ce pays-ci où les autres n’y comprennent rien !) Raple m pousantaj ayisyen ki pale franse a silvouplè… Sa vle di ou pa nenpòt ki moun. Si w pa kwè m, al lage de twa mo franse nan yon biwo leta pou w wè, sitou si w pran pòz w ap fè kòle epi w ap pale franse ankò. Ayayay !

Epoutan, se konnen nou pa konnen valè avantaj ki genyen nan lang kreyòl la. Yonn nan avantaj yo chita nan fasilite n ap jwenn nan ansèyman akademik. Li pwouve syantifikman nan anpil etid ki fèt atravè lemond, lespri timoun devlope pi byen epi l aprann pi byen lè se nan lang l ap pale lakay li ak nan antouraj li chak jou a li aprann. Kidonk, elèv ayisyen an ap aprann pi byen si l ap aprann nan lang matènèl li a. Yon lòt avantaj nan itilizasyon lang kreyòl la se fason l ap soude tout moun nan sosyete a epi aboli prejije. Tout ameriken pale anglè, tout dominiken pale panyòl, tout franse pale franse. Nan fason sa, nou ka rive pran konsyans toutbon kijan nou se YON pèp. Yon pèp diferan. Yon obstak nou ka rankontre se absans anpil mo teknik avèk mo syantifik nan kreyòl la. Se paske lang lan jèn, li pa gen lontan pran nesans parapò lòt yo. Eske nou pa ka fè l’ vin yon lang byen founi, byen rich ak mo syantifik li manke yo ?

Epitou, eske nou pare pou bay lang lan plas li merite a ?

Jean-Élie François

Manb gwoupman literè / cercle littéraire Haïtinéraire

Publicités

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google+

Vous commentez à l'aide de votre compte Google+. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s